Back to top

Chou frize

kale

Chou frize nan Massachusetts

Yo keyi chou frize ant mwa jiyè ak mwa novanm. Yo gen pi bon gou apre yo pase nan yon ti lawouze. Gade nan paviyon lavant fèmye, oswa mache fèmye, oswa magazen lokal ou. Chou frize se yon legim ki se yon fèy vèt ki gen plis pase 50 varyete. Anpil fwa yo rele chou frize a Red Russian, Dinosaur, Green Curley, oswa Red Curley. Chou frize se yon manm nan fanmi brassica, epi li nan menm espès avèk bok choy, chou, ak bwokoli. Yo vann chou frize an pakèt.

 

Konsèy pou chou frize                            

  • Chèche chou frize ki genyen fèy fèm, ak bèl koulè. Fèy ki pare pou keyi yo gen longè 1        12 - 16 pous. Jenn chou frize yo dwe genyen fèy ki piti ak mou, avèk yon ke ki mens.
  • Chou frize a pral rete fre pandan 5-10 jou, si ou mete l nan frijidè nan yon sache     plastik ki gen aerasyon.
  • Pou fè chou frize a vin pi mou, kwit li oswa brase luil ladan l.
     

Eleman nitrisyon                        

Chou frize pa gen anpil kalori, epi li gen anpil fib, ak vitamin C, A, ak K. Li ede moun wè pi byen, epi li ede nan sante zo, ak kowagilasyon san, epi li fòtifye sistèm iminitè. Chou frize genyen antioksidan, kidonk li ka pwoteje kont maladi kè, ak kont kèk nan kansè yo.

 

Manje chou frize avèk plezi                            

Gen plizyè jan ou ka pare chou frize, kwit oubyen kri. Lave chou frize a byen nan dlo frèt, pou retire tout tè ki rete ladan, epi retire ke nan fèy yo. Mete chou frize kri, dekoupe an ti moso, nan salad oswa nan pasta. Eseye li nan pesto, nan ponch, sote kòm yon manje akonpayman, kwit nan kwoustiyan chou frize, oswa ajoute nan yon soup. 

 

Eseye resèt bon gou ponch frèz sekrè sa a.