Back to top

Frèz

strawberries

Frèz nan Massachusetts

Nòmalman, se frèz ki rive mi an premye nan tout fwi lokal yo, epi ou ka jwenn yo depi nan mwa jen pou rive nan mwa jiyè. Gen anpil plantasyon. Frèz se youn nan fwi ki pi popilè nan Etazini. An mwayenn, Ameriken manje plis pase twa liv frèz chak ane! Sa pran 30 jou pou yon flè frèz k ap devlope tounen yon fwi. An mayenn, genyen 200 grenn nan yon frèz.

 

Konsèy pou frèz                            

  • Chèche frèz ki byen gwo, avèk yon bèl koulè wouj, ak ke vèt, ak yon odè dous. Pa pran frèz ki kòmanse kraze, ni ki gen okenn tras mwazi.
  • Konsève frèz ki poko lave yo nan frijidè, nan yon kontnè ki gen aerasyon pandan jiska 3 jou.     
  • Frèz yo gen pi bon gou lè ou manje yo pi bonè ou kapab.  
  • Anvan ou sèvi frèz, lave yo anba dlo fre avèk ke vèt la toujou entak.

 

Eleman nitrisyon                            

Frèz gen anpil vitamin C, ak seliloz, ak antioksidan. Yo pa gen anpil kalori tou.

 

Manje frèz avèk plezi                            

Melanje frèz avèk yogout ki pa gen anpil grès, avèk yon ponyen glas, pou pare yon bon bweson kòm manje maten oswa kòm goute. Ajoute frèz yo nan yon salad, oswa sou avwàn.

 

Eseye bon gou resèt salad zepina ak frèz sa a.