Back to top

Kawòt

bunch of carrots

Kawòt nan Massachusetts

Yo keyi kawòt yo fre ant mwa jiyè ak mwa desanm. Lè ou manje fwi ak legim fre ki pouse nan plantayon lokal yo, ou jwenn yo avèk pi bon gou ak plis valè alimantè. Kawòt se yon rasin ki gen yon gou dous, epi ki kwoustiyan Kawòt pa toujou gen koulè oranj. Ou ka jwenn yo blan, wouj, jòn, oubyen menm vyolèt! Kawòt se yon jan fasil, epi ki gen bon gou anpil, pou mete yon lakansyèl koulè nan sa ou manje. 

 

Konsèy pou kawòt                        

  • Chwazi kawòt ki fèm, san mak sou yo, epi ki gen tèt yo vèt.
  • Ou mèt mete kawòt nan frijidè nan yon sache plastik pou jiska 2 semenn. Retire fèy vèt yo anvan ou mete kawòt yo nan frijidè. Ou mèt sèvi avèk fèy vèt ou retire yo, pou simen sou yon soup pou ba li plis gou.
  • Anvan ou manje kawòt, ou dwe byen fwote yo ak kale yo!

 

Eleman nitrisyon                             

Kawòt gen anpil vitamin A, ki ede po moun rete an sante, ak ranfòse sistèm iminitè, vizyon, zo, ak kontwole nivo kolestewòl.  

 

Manje kawòt avèk plezi                        

Ou ka manje kawòt yo kri oubyen kwit, yo gen bon gou, epi yo kwoustiyan. Ou ka plonje baton kawòt ou nan yon sòs, ki mèt pa gen anpil grès, oswa nan yon pire. Ou ka sèvi ak kawòt ansanm ak lòt legim pou fè yon bèl sòs pou kwit manje, oswa yon salad, oswa yon soup. Eseye bouyi kawòt avèk pòmdetè pou fè yon pat dous, oswa yon pire pòmdetè.

 

Eseye bon gou resèt pyès Wondèl kawòt klere sa a.