Back to top

Konkonm

cucumbers

Konkonm nan Massachusetts

Yo keyi konkonm depi nan mwa jiye pou rive nan mwa oktòb. Lokalman, ou ka jwenn konkonm nan mache fèmye, nan paviyon lavant fèmye, ak nan magazen manje. Konkonm nan kategori plant ki kouri atè, tankou melon, skwach, ak jouwoumou. Genyen 2 prensipal kalite konkonm, sa ou dekoupe yo (ki manje nòmalman san kwit, nan salad ak salsa), ak sa ou tranpe yo. Ou jwenn konkonm nan plizyè fòm, ak koulè, ak gwosè. 

 

Konsèy pou konkonm                            

  • Chwazi konkonm ki fèm, epi pa pran sa ki gen koulè pal oswa pwent k ap defrite.
  • Konsève yo nan yon sache plastik nan frijidè pandan jiska yon semenn.  
  • Konkonm ki pi epè yo gen plis grenn. Grenn yo bay konkonm lan gou.
  • Konkonm angle yo long anpil, epi yo gen mwens grenn.
  • Konkonm pou tranpe yo nòmalman pi kout, epi yo laj avèk gwo grenn.
  •  

Eleman nitrisyon                             

Konkonm gen anpil vitamin K, vitamin C, potasyòm. Yo genyen anpil dlo, sa ki fè yo kapab soulaje swaf, ak bon pou sante w pandan chalè sezon ete a.

 

Manje konkonm avèk plezi                            

Sèvi li pou tranpe nan yogout ki pa gen anpil grès, oswa nan yon pire. Ajoute konkonm dekoupe oubyen rache nan salad, oswa nan salad pwason, oswa nan sandwich pou fè yo kraze pi byen nan bouch ou.

 

Eseye bon gou resèt sòs kinkonm fre sa a.