Back to top

Pèch

peaches

Pèch nan Massachuetts

Yo keyi pèch fre depi nan mwa jiyè pou rive nan mwa out. Gade si gen pèch yo kiltive lokalman nan paviyon lavant fèmye, oswa nan mache fèmye, oswa nan magazen manje lokal ou yo. Yo rele pèch yo fwi ki gen nwayo, menm jan avèk prin, seriz, ak nektarin paske yo genyen yon gwo nwayo ki vlope nan vyann plen ji ki anndan yo. Genyen plis pase 20 plantasyon nan Massachusetts kote ou ka keyi pèch yo ou menm. 

 

Konsèy pou pèch                            

  • Chwazi pèch ki gen yon odè dous, epi ki fè yon ti antre lè ou peze yo dousman. Chèche fwi ki gen yon bèl koulè jòn.  
  • Pèch yo ap vin mi si ou kite yo nan menm tanperati avèk rès kay la. Konsève pèch ki mi yo nan yon sache plastik nan frijidè pandan jiska senk jou.

 

Eleman nitrisyon                             

Pèch gen anpil vitamin A, ak vitamin C, ak seliloz. Eleman nitrisyon sa yo kenbe kò nou an sante, epi yo lite kont move mikwòb, an menm tan yo ede nou wè byen, epi yo anpeche nou pran grip ak maladi. Seliloz ede nou santi vant nou plen pi lontan, epi yo fè manje sikile nan sistèm dijestif nou.

 

Manje pèch avèk plezi                            

Manje ansanm pèch, yogout ki pa gen anpil grès, ak grannola oswa sereyal ki gen grenn antye pou sante ou. Manje po a, ki genyen seliloz ak eleman nitrisyon enpòtan. Melanje pèch yo avèk ½ tas yogout, oswa avèk yon bannann, epi ajoute ½ tas ji 100% nan yon ponch pou bwè lematen. 

 

Eseye bon gou resèt kwoustiyan pèch san kwit sa a.