Back to top

Pwa

pears

Pwa nan Massachusetts

Ou ka jwenn pwa ant mwa out ak mwa oktòb. Gade nan paviyon lavant fèmye, oswa nan mache fèmye, oswa nan magazen manje lokal ou pou mande kilè yo vann pwa na kote sa yo. Yo plante plizyè varyete pwa. Genyen yo nan plizyè kalite koulè wouj, jòn, vèt, ak mawon.   Varyete ki rele pwa Bartlett la, se li ou jwenn pi fasil nan Etazini. Pwa genyen anpil eleman nitrisyon ladan li, se yon fwi ki dous epi ki gen anpil ji, epi li se yon bon konpleman nan yon rejim alimantè ki bon pou sante.

 

Konsèy pou pwa                        

  • Chwazi pwa ki gen bèl koulè epi ki fre, san mak sou yo ni kote ki kraze.
  • Pou gade si yo mi, peze yo dousman toupre ke a. Si ou santi li yon jan mou, pwa a pare pou ou manje l.
  • Pou kite yon pwa mi, kite l sou yon tab oswa nan yon bòl. Si ou mete pwa yo toupre pòm, pwa yo pral mi pi vit.
  • Ou ka konsève pwa ki mi yo nan frijidè pandan jiska yon semenn.  

 

Eleman nitrisyon                             

Pwa gen anpil vitamin C, ak seliloz. Seliloz ede nou santi vant nou plen pi lontan, epi yo fè manje sikile nan sistèm dijestif nou. Pwa yo ka ede nou avèk pwoblèm tansyon, avèk maladi kè, aksidan vaskilè serebral, ak kèk nan kansè yo.

 

Manje pwa avèk plezi                        

Eseye mete pwa sou yon salad oswa yon sandwich, pou fè yo pi dous ak kraze pi byen nan bouch ou. Melanje pwa yo avèk lòt fwi, tankou pòm ak rezen, epi mete yogout sou yo pou fè yon bon desè.

 

Eseye bon gou salad fwi pikant sa a.