Back to top

Pwodiktè letye

dairy foods

Pwodui letye nan Massachusetts

Anpil pwodiktè letye nan Massachusetts vann pwodui letye lokal ki fre, pandan tout lane a. Genyen prèske 1 500 fèm pou pwodui letye nan New England, epi prèske tout se yon fanmi ki propriyetè epi ki travay ladan yo. Te gen fèm pou pwodui letye nan agrikilti Massachusetts depi pyonnye yo te vini avèk vach nan Plymouth an 1624.

 

Konsèy pou pwodui letye                            

  • Pwodui letye yo bezwen konsève nan frijidè pou limite kwasans mikwòb ki kapab ladan yo. Fè ansòt pou se nan reyon pwodui letye a ou rete an dènye nan magazen an, pou rive konsève yo nan tanperati yo dwe rete a.
  • Yo konseye tout moun ki gen plis pase dezan pou yo pran pwodui letye ki gen mwens grès. Eseye fè yon tranzisyon pwogresif pou rive nan lèt ekreme ak lèt 1%, epi yogout ak fwomaj ki gen mwens grès.
     

Eleman nitrisyon                       

Pwodui letye yo gen anpil eleman nitritif esansyèl ki fè nou kenbe sante nou. Kalsyòm ki nan lèt, yogout, ak fwomaj la fè dan ak zo nou rete solid. Pwodui letye yo genyen tou potasyòm, ki ede kenbe tansyon nou nan yon bon nivo, ansanm ak fosfò, vitamin A, vitamin D, riboflavin, ak nyasin.

 

Pran plezi nan pwodui letye                        

  • Simen fwomaj ki pa gen anpil grès nan yon kaswòl, oswa sou legim nan soupe w.
  • Sèvi avèk yogout nòmal ki pa gen anpil grès kòm mayonnèz pou fè sandwich pwason, sandwich poul, oswa sandwich salad ze.

 

Eseye sa a bon gou desè Mitil ak anana.