Back to top

Skawch Butternut

butternut squash

Skwach butternut nan Massachusetts

Yo fè rekòlt skawch Butternut ant mwa septanm ak mwa desanm. Li konsève byen pou jiska twa mwa nan kote ki sèk ak fre. Skwach se yon manm nan kategori goud. Skwach ki pouse pandan sezon ivè, tankou Butternut ak Acorn, genyen karapas di, moun pa ka manje po yo, epi grenn yo gwo. Varyete skwach ki genyen anndan koulè jòn/oranj yo gen plis nitrisyon pase sa ki koulè pi pal yo. 

 

Konsèy pou skwach                                     

  • Chwazi skwach ki pa gen mak sou yo, ni tras mwazi, epi ou santi ki yon jan lou nan men w.         
  • Chwazi yon skwach ki gen yon koulè mat - si skwach la gen yon po klere, sa vle di yo te keyi l twò bonè.         
  • Apre ou kale oubyen koupe skawch Buternut la, mete li nan frijidè nan yon bokal ki kouvri pou jiska senk jou.     
     

Eleman nitrisyon                                  

Skwach Butternut genyen anpil vitamin A ak potasyòm. Koulè oranj klè a vle di li genyen anpil beta-kawotèn, ki kapab pwoteje moun kont kèk kansè ak kont maladi kè.     

 

Manje skwach avèk plezi                                 

Griye Butter skwach avèk lòt legim sezon ivè pou fè yon manje akonpayman ki bon anpil. Eseye mete skwach Butternut griye nan yon pasta, diri, kaswòl, oswa sou yon salad. Skwach Butternut kapab kraze tou, oswa kwit, nan yon soup epè.

 

Eseye resèt bon gou Butternut skwach Soup sa a.